17
Alò, Filisten yo te rasanble lame yo pou batay. Yo te rasanble vè Soco ki pou Juda e yo te fè kan antre Soco avèk Azéka nan Éphés-Dammim. Saül avèk mesye Israël yo te rasanble pou fè kan nan vale Ela a e yo te vin rale yo nan lòd batay la pou rankontre Filisten yo. Filisten yo te kanpe sou ti mòn nan e Izrayelit yo sou lòt kote a, avèk vale a antre yo de. Yon chanpyon yo te rele Goliath ki te sòti nan Gath, te soti nan kan Filisten yo. Wotè li te sis koude plis yon epann (anviwon nèf pye uit pous). Li te mete yon kas an bwonz sou tèt li. Li te abiye avèk pwotèj an kal ki te peze senk-mil sik an bwonz. Anplis, li te genyen pwotèj an bwonz sou janm li avèk yon lans an bwonz ki te pann antre zepòl li. Manch a lans lan te tankou travès nan yon aparèy fè twal. Lans li an te peze sis san sik (anviwon 18 liv) an fè. Potè pwotèj li a osi te mache devan li. Li te kanpe e li te rele fò vè lame alinye Israël la, e li te di yo: “Poukisa nou vin alinye pou batay la? Èske mwen menm se pa yon Filisten e nou menm sèvitè a Saül? Chwazi yon mesye pou kont nou e kite li parèt kote mwen. Si li menm kapab goumen avè m, e touye mwen, alò nou va devni sèvitè pa nou. Men si mwen vin genyen li e touye li, alò, nou va devni sèvitè nou pou sèvi nou.” 10 Ankò, Filisten an te di: “Mwen defye tout ranje lame Israël la nan jou sila a! Ban m yon nonm pou nou kab goumen ansanm!”
11 Lè Saül avèk tout Israël te tande pawòl a Filisten an, yo te sezi e pè anpil. 12 Alò, David te fis a Efratit a Bethléhem nan Juda ki te rele Jesse, ki te genyen uit fis. Epi Jesse te vin granmoun, nan jou Saül yo, byen avanse nan laj pami lèzòm. 13 Twa lòt fis a Jesse yo te swiv Saül nan batay la. Epi non a twa fis li yo ki te ale nan batay la se te Éliab, premye ne a, Abinadab, dezyèm ne a ak Schamma, twazyèm ne a. 14 David se te pi piti a. Alò, twa ki te pi gran yo te swiv Saül. 15 Men David te fè ale retou soti nan Saül pou okipe bann mouton papa li nan Bethléhem.
16 Filisten an te parèt ni nan maten ni nan aswè pandan karant jou e li te fè kanpe li.
17 Alò, Jesse te di a David, fis li a: “Pran koulye a pou frè ou yo yon efa nan sereyal boukannen an, e kouri ale nan kan pa yo a. 18 Mennen ankò dis fwomaj sila yo bay kòmandan a milye pa yo, e tyeke si sa ale byen avèk frè ou yo e retounen avèk nouvèl pa yo. 19 Paske Saül avèk tout lame Israël la nan vale Ela a, nan goumen avèk Filisten yo.”
20 Alò, David te leve bonè nan maten e li te kite bann mouton an avèk yon jeran. Li te pran bagay yo e li te ale jan Jesse te kòmande li a. Epi li te antre nan kote kan an pandan lame a t ap sòti nan lòd batay la e li t ap koute kri gè a. 21 Israël avèk Filisten yo te vin parèt nan chan batay yo, lame kont lame. 22 Alò, David te kite sa l pote sou kont yon jeran, li te kouri vè chan batay la e li te antre pou l ta kapab salye frè li yo. 23 Pandan li t ap pale avèk yo, veye byen, ewo Filisten an ki sòti nan Gat ki te rele Goliath la, t ap monte soti nan lame a Filisten yo. Li te repete menm pawòl sa yo, e David te tande. 24 Lè tout mesye Israël yo te wè nonm nan, yo te kouri kite li e yo te vin pè anpil. 25 Mesye Israël yo te di: “Èske ou te wè nonm sa a ki ap vin monte a? Anverite, li ap vin monte pou jete defi devan Israël. Epi li va rive ke wa a va fè moun ki touye li a rich avèk gran richès. Epi li va ba li fi li, e li va fè lakay papa li lib an Israël.”
26 Epi David te pale a mesye ki te kanpe akote li yo e te di: “Kisa k ap fèt pou moun ki touye Filisten sila a e ki retire wont lan soti sou Israël? Paske se ki moun Filisten ensikonsi sila a ye pou l ta ensilte lame a Bondye vivan an?”
27 Pèp la, selon pawòl sila a, te reponn e te di: “Se konsa li va fèt pou mesye ki touye li a.”
28 Alò, Éliab, pi gran frè li a te tande lè li te pale ak mesye yo. Epi kòlè Éliab te brile kont David. Li te di: “Poukisa ou te desann isit la? Epi avèk kilès ou te kite ti kras grenn mouton ou yo nan dezè a? Mwen konprann ògèy ou ak mechanste ki nan kè ou; paske ou te vin desann pou ou kab wè batay la.”
29 Men David te di: “Kisa mwen te fè koulye a? Se pa sèlman ke m poze yon kesyon?” 30 Epi li te vire kite li e te mande yon lòt menm bagay la. Konsa, pèp la te reponn menm bagay kòm avan an. 31 Lè pawòl David te pale yo, te tande, yo te pale avèk Saül, e li te voye chache li. 32 David te di a Saül: “Pa kite moun pèdi kouraj sou kont a li. Sèvitè ou a va ale batay avèk Filisten sila a.”
33 Epi Saül te di a David: “Ou pa kapab ale kont Filisten sila a. Ou pa plis ke yon jennonm e li menm, li te yon gèrye depi li te jenn.”
34 Men David te di Saül: “Sèvitè ou a t ap okipe mouton papa l. Lè yon lyon, oswa yon lous te vin pran yon jenn mouton nan bann mouton an, 35 mwen te sòti dèyè li, mwen te atake li, mwen te fè l chape soti nan bouch li; epi lè l te leve kont mwen, mwen te sezi li pa bab li e te touye li. 36 Sèvitè ou an gen tan touye ni lyon ni lous. Epi Filisten ensikonsi sila a va tankou youn nan yo, akoz li te meprize lame Bondye vivan an.”
37 Epi David te di: “SENYÈ a ki te delivre mwen soti nan pat lyon ak nan pat lous yo, Li va delivre mwen soti nan men a Filisten sila a.”
Konsa, Saül te di a David, “Ale e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”
38 Saül te abiye David avèk vètman pa li yo, li te mete yon kas an bwonz sou tèt li, e li te abiye li avèk pwotèj. 39 David te mete nepe a sou tout pwotèj yo, li te eseye mache, paske li potko fè anyen avèk yo. Alò David te di a Saül: “Mwen pa kapab ale avèk sila yo, paske m pa abitye ak yo.” Epi David te retire yo.
40 Li te pran baton li nan men l e li te chwazi pou kont li senk wòch ravin byen poli, e te mete yo nan ti makout bèje ke li te genyen an. Fistibal li te nan men li. Konsa li te pwoche Filisten sa a. 41 Alò, Filisten an te kontinye vin pwoche David avèk potè zam nan devan l. 42 Lè Filisten an te gade wè David, li te meprize li, paske li te sèlman yon jennonm figi wouj, avèk yon bèl aparans. 43 Filisten an te di a David: “Èske mwen se yon chen pou ou ta vin kote mwen avèk bout bwa?” Epi Filisten an te anmède David pa dye pa li yo. 44 Filisten an te di a David osi: “Vin kote mwen e mwen va bay chè ou a a zwazo syèl yo avèk bèt chan yo.”
45 Alò, David te di a Filisten an: “Ou vin kote mwen avèk yon nepe avèk yon frenn, avèk yon lans; men, mwen vin kote ou nan non a SENYÈ dèzame a, Bondye a lame Israël yo, ke ou sot vekse a. 46 Nan jou sa a menm, SENYÈ a va livre ou nan menm m. Mwen va frape ou desann, e koupe tèt ou. Epi mwen va bay kadav a lame Filisten yo, nan jou sa a, a zwazo syèl yo, e a bèt sovaj latè a, pou tout latè a kab konnen ke gen yon Bondye an Israël, 47 epi pou tout asanble sila a kapab konnen ke SENYÈ a pa konn delivre pa nepe, ni pa frenn; paske batay la se pou SENYÈ a e Li va livre ou nan men nou.”
48 Epi li te rive ke lè Filisten an te leve vini pou te parèt toupre David, ke David te kouri vit vè chan batay la pou rankontre Filisten an. 49 David te mete men l nan sak li, li te rale ladann yon wòch, li te tire li e li te frape Filisten an sou fwon li. Wòch la te fonse antre nan fwon l, e li te vin tonbe sou figi li atè. 50 Konsa, David te genyen Filisten an avèk yon fistibal ak yon wòch. Li te frape Filisten an e te touye li, men pa t gen nepe nan men David. 51 Alò David te kouri kanpe sou Filisten an e te pran pwòp nepe pa li a, li te rale l soti nan fouwo li, li te touye li e te koupe tèt li avè l.
Lè Filisten yo te wè ke ewo pa yo a te mouri, yo te sove ale. 52 Mesye Israël yo avèk Juda yo te leve kriye fò e te kouri dèyè Filisten yo jis rive nan vale a, e jis nan pòtay Ékron. Epi Filisten mouri yo te kouche tout akote chemen an pou rive Schaaraïm, menm jis nan Gat avèk Ékron. 53 Fis Israël yo te retounen soti nan lachas Filisten yo e te piyaje tout kan yo. 54 Alò, David te pran tèt Filisten an e te mennen li Jérusalem, men li te mete zam Goliath yo nan tant lan. 55 Alò, lè Saül te wè David ki t ap sòti kont Filisten an, li te di a Abner, kòmandan lame a: “Abner, se fis a kilès jennonm sa a ye?”
Epi Abner te di: “Pa lavi ou, O Wa mwen pa konnen.”
56 Wa a te di: “Mande moun pou konnen fis a kilès jennonm sa a ye.”
57 Pou sa, lè David te retounen fin touye Filisten an, Abner te pran li e te mennen li devan Saül avèk tèt Filisten an nan men li. 58 Saül te di li: “Se fis a kilès ou ye jennonm?”
Epi David te reponn li: “Fis a sèvitè ou, Jesse, Betleyemit lan.”
17:1 I Sam 13:5 17:2 I Sam 21:9 17:4 II Sam 21:19 17:4 Jos 11:22 17:6 I Sam 17:45 17:7 I Sam 17:41 17:8 I Sam 8:17 17:9 II Sam 2:12-16 17:10 I Sam 17:26-45 17:12 Rt 4:22 17:13 I Sam 16:6-9 17:14 I Sam 16:11 17:15 I Sam 16:21-23 17:17 I Sam 25:18 17:18 Jen 37:13-14 17:20 I Sam 26:5-7 17:22 Jij 18:21 17:23 I Sam 17:8-10 17:25 Jos 15:16 17:26 I Sam 11:2 17:28 Pwov 18:19 17:30 I Sam 17:26-27 17:32 Det 20:1-4 17:32 I Sam 16:18 17:33 Nonb 13:31 17:35 Am 3:12 17:37 II Tim 4:17-18 17:37 I Kwo 22:11-16 17:42 Sòm 123:4 17:43 I Wa 20:10 17:44 I Sam 17:46 17:45 Sòm 124:8 17:46 Det 28:26 17:47 II Kwo 20:15 17:48 Sòm 27:3 17:51 Eb 11:34 17:52 Jos 15:11 17:57 I Sam 17:54 17:58 I Sam 17:12